Cheri, ann ale !


Je’m nan je’w, nap pale an silans

Kè nou ap bat ansanm

Menm son, men ton

Tankou kout gita  ki byen akòde, beng-bong


Tchè’m ap debode ak lapawòl

Bouch mwen pran tranble

Men lang mwen derefize bouje

Janm pipèt, Alon lavi dwòl !


Nou pa bezwn pale

Mete men’w sou tchyè’m, mp mete men’m sou paw

Kole fontenn ou ak pam

Ou tandel ? Souf mw nan souf u, u santil ? 


Mw pran sant souf paw, li gn lodè lanmou

Li gn lodè lespwa

Li gen lodè pwomès, lodè karès

Proche pi pre pou souf pam ak paw f yon sèl


Tande, tande kè’m kap fete

Wata di kri yn esklav ki resi libere 

Pran men mwen dou, ann ale ! 

Ann al kite kò nou exprime sa bouch nou paka pale


Lalin ap sevi nou temwen

Swè nou a sevi nou dra

Lang nou, men nou, karès nou ap sevi nou promès 

Promès ke nou pap janm kite ! 






Kouman  nou ye ? 🥰 nou nan peryòd fèt, mespere nou ap fete 🥳!  Jan nou ka wèl, mwen ekri an kreyol jodia☺️se yon premye fwa e mwen espere se pap yon dènye☺️. Pa ezite dim kisa nou panse nan kòmantè yo epi pa bliye pataje text la 🫶🏽

Si nou pata repale anko, mswete nou yon bon lane 🫶🏽


Lannie ♊️



Commentaires

Enregistrer un commentaire

Articles les plus consultés