SOURI L

 

Depi misye souri menm lanati chita

gade

 Chita admire zèv sa Bondye kreye

Souri l  fè m depale tankou mwen te fimen

Tèt mwen cho, m paka ret an plas,

sanble m pran nan pèlen!

Lè nèg sa souri m santi m vle vole

Vole al eksprime gratitid mwen kot

Bondye

Pou souri mouche saaa li pèmet mwen ka admire.

Pou mèvèy saaa li kite existe

M ta fè vwa m fè yon sel ak pa zanj yo

Yon sèl akò ak koral terès la

Pou m chante dega souri l fè nan chak

pati ki nan kò m yo

Wouuu, souri l  fè m  chante: ayayay! 

Souri bèl gason, souri! 

Souri w se sa ki leve m nan domi

Souri w se remèd fèy lè m febli 

Souri tande bèl nanm, souri !


Lannie♊️


Bonswa bonswa !M konnen sa fè lontan😊😊mwen pa  gen eskiz.

Mwen espere nou anfom😊 si nou renmen tèks la, pa bliye pataje, komante epi abòne 🫶🏾

Ps: mpa vle bannou fo espwa poum kite nou panse kem pral pibliye regilyèman anko. bagay yo anpil, map pibliye nan ritm kem kapab🙏mèsi pou konpreyansyon nou✊🏾

XOXO<3 😘

Bonne soirée 🫶🏾

Commentaires

Enregistrer un commentaire

Articles les plus consultés